ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Malcom bitè pou pèmèt Al-Hilal toujou espere tit chanpyon Arabi Sawoudit la

imaj atik la

26 fevriye 2025   Neuvième Junior   433

Aprè defèt Al-Hilal te fè kont Al-Ittihad nan 21èm jounen SPL la, yo te genyen obligasyon pou reyaji jis pou espwa pran tit chanpyon Saudi Professionnal League la ka toujou rete nan panse yo.


Pou sa, chanpyon an tit peyi Arabisawout la, devan piblik yo nan estad Kingdom Arena, te genyen randevou ak 11èm nan klasman an, Al-Kholood.

Avèk yon eskò (5-1), Malcom 2 gòl, Al-Dawsari 2 plis Leonardo ki t ap jwe nan pwent atak la youn, Al-Hilal tounen apwochel nan do klèb KB9 la ki genyen pou jwe match pa yo an jodi a.

Kaio César ki apèn rive nan ekip la an janvye, se yon jèn brezilyen 21 lane, li bay 2 pas desizif pou ede koyekipye li yo fè dyòb la san pwoblèm. Titilè pou yon 4èm rankont nan 6 li deja jwe yo, brezilyen an konte yon gòl plis 2 pas gòl nan aktif li ak klèb sawoudyen an.

Al-Hilal ki ap tann match lidè chanpyona a jodi a ki konte 51 pwen nan klasman pandan Tig yo genyen 55 pwen pou moman an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )